15 JEN 2008 – 15 JEN 2019, AKSIDAN BARIKAD CREW

11 lane depi Barikad te pèdi 3 pi gwo talan l’ yo _ a lepòk_ nan yon aksidan sou wout ayewopò. Ki te mete Ayiti, espesyalman ri Nikola, an branl.

Apre lanmò K-tafal, Dad ak Dejavoo, anpil moun pa t’ kwè ke Barikad t’ap ka rive kontinye, vwa kenbe tèt mouvman rap la.

Depi 2008, BARIKAD non sèlman kenbe rap kreyòl, men tou, kreye yo estrikti Ki fasilite anpil jèn emèje nan mouvman an, pou l’ ka kontinye vanse. Nan BARIKAD, Ayiti konnen 2 nan non sèlman pi gwo rapè an Ayiti, men atis ke plis moun konnen nan mizik ayisyèn nan: IZOLAN, FANTOM. BARIKAD bay tou, youn nan DJ Ki pi popilè nan endistri a, ki se TONY MIX.

Malgre tan pase, laj monte … lajenès vin pote kole, BARIKAD rete yon referans nasyonal, Ki gen ladan l’ plizyè “Pele”, plizyè “Maradona” ak “Ronaldo”, ki ka bay gòl a nenpòt moman.

Kontinite BARIKAD se youn nan pi gwo modèl motivasyon ak detèminasyon ki fèt nan peyi a. Lè tout moun wè aklè ke w’ p’ap ka rive, oubyen ou p’ap ka kenbe, ou chanje done yo an favè w’, ak RÈV, TRAVAY ak PRENSIP …

JISKOBOU!!!

#BarikadCrew

Leave a comment